Lotri Nouyòk an ayiti fason pi si pou tire bòlèt la
Jwèt bòlèt se yon jwèt ki chita sou konfyans moun kap jwel lan ak moun kap vann li an. Se paske mwen fèw konfyans ase ki fèm jwe nan menw paske depim konnen boul mwen an sòti wap peyem. Pou pa gen koken nan chwa boul nan tiraj lan, machann yo chwazi yon sistèm tiraj lotri ki gen anpil sekirite kote moun pap ka pirate boul kap sòti yo. Nan sans sa, machann bòlèt an Ayiti chwazi yon referans tiraj ki sanse gen anpil sekirite epi moun pap ka pirate fasil. Enbn se konsa lotri Nouyòk lan antre an Ayiti.
Kisa k lotri Nouyòk lan
Lotri Nouyòk lan se kategori jwèt aza yo jwe Nouyòk. Li sanse gen menm kategori jwèt lotri ak sa nou jwenn an Ayiti yo. Men ala diferans lotri Nouyòk lan tou gen tiraj li. Se youn nan tiraj yo plis fè konfyans sou latè. Rezon fè sa : yo konnen moun ap difisil pou pirate boul ki ap sòti nan lotri Nouyòk lan. Nap di lotri Nouyòk fonksyone ak de tiraj youn a midi epi yon lòt aswè. Kidonk on moun gen posibilite poul genyen de fwa nan yon jounen. Akoz bon repitasyon Lotri Nouyòk lan genyen anpil moun ki vann bòlèt nan kat kwen mond lan itilizel kòm referans pou fè tiraj.
Poukisa machann bòlèt yo itilizel
Oparavan machann bòlèt yo te konn itilize tiraj bòlèt lokal men aprè anpil koken ki te vin gen nan metòd tiraj yo. Tout machann yo te vin koube yo anba on sèl referans kote yo konnen mou nap difisil pou defye. Yo chwazi tiraj lotri Nouyòk. Aprè yo vin antre anba referans mondyal sa, jwèt lotri vin jwe plis an ayiti epi moun vin konfye yo plis ak machan bòlèt yo. Se sak fè wap wè pou moun lan vann bòlèt anpil li oblije mete mak lotri Nouyòk lan devan bank bòlèt li. Plis amatè yo wè lotri Nouyòk lan devan bank yo plis lap entèrese jwe. Kidonk alafen lotri Nouyòk la reponn ak yon kesyon konfyans epi prensip konfyans sa vin fè bank bòlèt yo vin ka fè plis kòb.
Eske amatè bòlèt yo fye tiraj lotri Nouyòk lan
Nap raple ak tout moun, on amatè bòlèt se yon moun ki jwe bòlèt regilyèman. Li konn tout ti detay ki nan jwèt lotri yo. Li itilize anpil sa nou rele tchala pou te ka jwenn boul pou jwe. Pou amatè an jwe nan men yon machann bòlèt fòk li konnen machann bòlèt sa ap peyel vre. Se pa pou san rezon depi on machann bòlèt genyen yon ti pwoblèm ak on amatè, sa fè li pèdi kliyan. Konsènan lotri Nouyòk lan nap di tout amatè bòlèt yo fyel anpil. Gen de rezon ki fè yo fyel konsa. Premye rezon an se paske son bòlèt etranje kidonk amatè isit lan konnen mèt bòlèt isit ap difisil pou chanje boul lan si toutfwa yo ta va genyen. Tiraj lotri Nouyòk lan gen bon repitasyon toupatou nan mond lan. Lèw jwe ladanl, depi boul ou bon ou paka pa genyen.
Enbn pou nou fini, nap di Lotri Nouyòk lan an ayiti plis reprezante yon relasyon konfyans nan yon sistèm kote mou nap difisil ka trike. Se poutèt sa tout mèt lotri isit chita sou li kòm referans pou tiraj.