Ak plis jwèt lotri se plis chans pou amatè bòlèt genyen
Lè on moun ap jwe bòlèt, li toujou ap chache divèsite nan jwèt lan on fason pou li te ka rantre plis kòb. Konsa tou mèt lotri yo konnen tou plis yo mete varyete nan lotri yo an se plis yap kapab atire moun epi plis yap rantre lajan. Piske nan yon atik ki pase deja nou prezante kat kategori yo plis jwe yo, kounya nou pral prezante kèk lòt kategori yo jwe tou.
Loto 5 chif se yon kategori jwèt bòlèt yo jwe anpil tou. Men pa nan menm nivo ak sa nou te prezante nan atik avan. Pouw jwe 5 chif wap gen pouw chwazi on konbinezon 3 chif ak 2 chif sa ki vin fè ou gon nonb ki ant 00000 jiska 99999. Si sa rive konbinezon paw la tonbe, wap gen chans genyen 25000 fwa kòb ou te jwe an. Men pouw genyen fòk konbinezonw lan respekte prensip twa opsyon sa yo:
- Ann pran egzanp ou nonb gayan nan bòlèt Nouyòk lan se : 568 21 36
- Opsyon 1 pouw genyen fòk boul ou jwe sòti konsa
- 36
- Opsyon 2 pouw genyen fòk boul ou jwe sòti konsa
- 21
- Opsyon 2 pouw genyen fòk boul ou jwe sòti konsa 56
Boloto se yon kategori jwèt loto nou jwenn anpil moun jwe an Ayiti men se Lisa Borlette ki vini avèl. Pouw jwe boloto ou ap fè, ou konpoze on kòd lisa ba ou epi ou mete twa boul ou anvi jwe yo. Men ki fason ou ka fè kòb ak twa boul ou jwe yo :
- Ou fon Jackpot si twa boul ou jwe yo sòti nan lòd, lè sa ou fè 5 milyon goud
- Ou gen 2èm prim si twa boul ou yo an dezòd, lè sa ou fè 250 000 goud
- Ou gen twazyèm prim si ou gen 2 boul ki sòti na lòd, lè sa ou fè 2500 goud
- Ou gen katryè prim si ou 2 boul ou yo sòti an dezòd, lè sa ou fè 500 gdes
NB : Pri biyè an se 25 goud
Gon lòt katgori ankò ki rele lotto 5p5. Pou w jwe loto 5p5 wap senpman gen pouw chwazi on nonb ki gen 5 chif. Men ki fason ou ka genyen nan loto 5p5 lan:
- Ou fon jackpot depi 5 premye chif ou jwe se li ki sòti, lè sa ou genyen 200 000 goud
- Ou gen dezyèm prim si se kat premye chif ou jwe se li ki sòti, lè sa ou genyen 5000 goud
- Ou gen twazyèm prim si se 3 premye chif ou jwe yo se li ki sòti, lè sa ou genyen 500 goud
- Ou gen katriyèm prim se 2 dènye chif ou jwe yo se li sòti, lè sa ou genyen 10 goud
NB : Pri biyè an se 5 goud
Chaje lòt jwèt lotri nan peyi a toujou men nou jis chwazi elabore pou ou sa moun yo plis jwe. Nou te gendwa palew de Pikliz ki se yon tip jwèt bòlèt ke Lesly Center ofri. Men sa nou liste pou ou yo se ladanl wap jwenn gen plis amatè jwe, epi se ladan yo wap gen posibilite pouw fè kòb.