Anpil jwèt lotri an Ayiti se plis posibilite pou genyen
Jwèt lotri se yon jwèt aza kote wap gen pouw mize sou on boul depi se li menm ki sòti nan tiraj lan ou ap genyen. Konsa tou depi se pa boul ou an ki sòti nan tiraj lan, ou pèdi. Men jwèt lotri an pa on senp kesyon chwazi on nonb. Li plis pase sa toujou. Ou kapab marye chif yo, ou gendwa chwazi tou men nan ki lòd chif yo ap sòti. Kidonk ou kapab jwe lotri anpil fason tout bagay la jis depann de ou epi de kijan ou anvi jwe. Pi ba nou ap prezantew tout jwèt lotri yo plis jwe an Ayiti.
Bòlèt lan se kategori yo plis jwe an Ayiti. Bòlèt lan se kategori ki pi senp pou konprann tou. Se pa sou san rezon moun yo deside rele biznis nan bòlèt rezon an se jis pou yo ka fè plis moun entèrese jwe. Pouw jwe bòlèt lan wap gen pouw chwazi on nonb ant 00 jiska 99. Tiraj bòlèt lan bay twa boul gayan ki se : premye, dezyèm jiska twazyèm lo. Nonb yo sòti konsa : 325 56 98 nan tiraj bòlèt Nouyòk
Si nonb 2 chif ou te chwazi an sòti nan premye lo an. Pa egzanp ou te jwe 25. ou fè premye lo. Si ou te jwe 56, ou fè dezyèm lo. Si ou te jwe 98 ou fè twazyèm lo. Chak lo gon kantite lajan ou ka fè. Premye lo an se 50 fwa sa ou te jwe an, dezyèm lan se 20 fwa sa ou te jwe epi twazyèm lo se 10 fwa sa ou te jwe an. Ou ka genyen 2 boul tou si sa rive ou te jwe 2 boul epi tou lè de sòti. Lè sa ou genyen 2 boul.
Maryaj se dezyèm kategori yo plis jwe. Pouw fè maryaj lan wap jis fon konbinezon 2 nonb epi mete yo ansanm. Sa ki vin fè ou gen yon nonb ki ant 0000 jiska 9999. Depi konbinezon ou chwazi an se li yo bay wap gen posibilite pouw fè mil fwa (1000x) kantite kòb ou te jwe an. Nenpòt jan ou fè konbinezon an depi se 2 boul ou te marye yo ki sòti ou tou genyen on fwa. Ann pran menm egzanp anlè a si ou te marye 56 98 oubyen 98 56 oubyen 25 56 nenpòt fason an wap genyen.
Twazyèm kategori an se loto 3 chif. Kòman pou w jwe nan loto 3. Wap jis gen pouw chwazi on nonb ant 000 jiska 999. Depi nonb ou jwe an se li ki sòti wap gen chans genyen 500 fwa kòb ou te jwe an. Pa egzanp siw te jwe 325, wap gen chans genyen 500 fwa kòb ou te jwe an.
Katriyèm kategori se loto 4 chif. Loto kap chif lan se yon konbinezon 2 nonb li ye menm jan ak maryaj men li diferan de maryaj paske pouw konbinezon ou fè an genyen fòk li respekte prensip 3 opsyon sa yo. Ann pran egzanp pi wo an :
Nonb gayan : 325 56 98
- Opsyon 1 pouw genyen fòk nonb ou jwe yo sòti konsa 325
- Opsyon 2 pouw genyen fòk nonb ou jwe yo sòti konsa 3
- 98
- Opsyon 3 pouw genyen fòk nonb ou jwe yo sòti konsa 3
- 56
NB : Depi konbinezonw lan reyisi wap fè 5000 fwa kòb ou te jwe an.
Gen lòt kategori toujou men nap diskite yo nan lòt atik.