Article Image

Bòlèt an Ayiti : Biznis oubyen yon jwèt

18th May 2020

Yon bòlèt se yon jwèt lotri yon moun jwe poul fè lajan. An Ayiti moun yo tou rele enstitisyon kote yo jwe bòlèt lan “Bòlèt”. Jiska kounya pa gon rezon vre ki fè se konsa yo rele enstitisyon an men anpil moun panse se paske bòlèt se youn nan jwèt lotri moun jwe anpil. Nan objektif pou rale plis moun vin jwe nan jwèt lotri lakay li, mèt jwèt lotri yo tou rele l bòlèt. Men teknikman kisa ki yon bòlèt ?

Kisa ki yon bòlèt ?

Jan nou te di l lan, yon bòlèt se yon kategori jwèt aza kote yon moun ap gen pou chwazi on boul nan on tiraj. Depi boul lan sòti nan tiraj lan li ap genyen. Pouw jwe bòlèt lan wap gen pouw chwazi on nonb ant 00 jiska 99. Tiraj yo pi souvan bay 3 lo byen òdone : premye, dezyèm jiska twazyèm lo. Pa egzanp si tiraj lan bay 523 63 18 kòm premye dezyèm jiska twazyèm lo epi pa egzanp ou te jwe 63. Ou genyen ou fè twazyèm lo. N ap raple ak chak lo gen yon kantite lajan ou ka fè. Premye lo an se (50X) fwa kòb ou te jwe sou boul lan, dezyèm lan se (20 X) epi twazyèm lan se (10X). Nan men kiyès ou ka achte bòlèt isit ?

Kiyès ki vann bòlèt isit ?

Avan nou di kiyès ki vann bòlèt isit an nou raple tout moun ki sak yon machann bòlèt. Machann bòlèt lan se gwo enstitisyon kote lè ou genyen ou al pran kòb lan. Moun ou jwe bòlèt lan nan menl bò lakay ou an se yon ajan bòlèt. Men lis machann bòlèt ki gen an Ayiti  gen tout machann bòlèt sa yo nan peyi an, eske sa vle di biznis bòlèt son biznis ki gen kòb ladanl ?

Desizyon pou jwe oubyen vann bòlèt

Bòlèt la se yon jwèt ki pèmèt moun rantre lajan men konsa tou son jwèt ki fè moun depanse anpil kòb tou. Pou nou konprann lojik ki fè moun jwe oubyen vann lan. Nou pral fon ti senp demonstrasyon matematik. Ann pran egzanp bòlèt la kote gen on tiraj ki sòti ant 00 jiska 99. Moun lan gen 1 chans sou 100 poul genyen. Men moun yo pa vrèman pran an kont paramèt pwobabilite sa. Yo deside jwe paske yo bezwen lajan. Lòt moun deside vann paske yo konnen gen anpil moun kap chache lajan ki ap deside jwe epi posibilite pou tout moun genyen an vrèman mens anpil. Men sa rive kote gen moun ki pede genyen.

Kòmanw kapab fè kòb nan bòlèt.

Nan yon lojik matematik, nou tap di pouw deside mete on kantite kòb sou on boul fòk ou gade pouw wè esperans pouw genyen an li pi plis pase kantite kòb wap mete an. Men se pa lojik sa moun yo itilize vre pou yo genyen. Moun yo itilize Tchala. Tchala se yon sistèm ki bay moun yo boul apati yon rèv yo fè. Moun yo konn al kay ougan tou pou ba yo boul pou ka jwe.

Si ou vrèman anvi jwe bòlèt isit fòk ou vrèman konn lojik sa yo.

Contactanos!