Article Image

Evolisyon jwèt bòlèt an Ayiti: Jwèt, lajan ak estrikti

17th May 2020

Orijin jwèt bòlèt lan

Anpil moun te ka panse se ayisyen ki vini ak jwèt bòlèt lan nan mond lan. Men an reyalite se pa nou ki envante jwèt bòlèt lan. Jwèt bòlèt lan sòti nan yon mo panyòl «  » ki vle di «  ». Bolèt lan gen orijin latino, li sòti nan peyi Kiba. Se Ayisyen ki te konn al plante kann Kiba ki siman pote jwèt aza sa isit. Men premye bank bòlèt yo kòmanse fonksyonèl isit nan mitan ventyèm syèk lan. Mizè ak pwoblèm ekonomik fè jwèt lan gaye sou tout teritwa. Sa ki vin fè bòlèt lan son eleman ki gen anpil plas nan kilti nou. Se sak fè anpil moun konsiderel kòm yon fenomèn sosyal.

Bòlèt fenonèm sosyal

Anpil moun ki jwe bòlèt isit se moun ki pa gen lajan yo, moun ki nan klas ki pi defavorize yo. Se sak fè wap wè bank bòlèt yo gen plis tandans pou plase nan zòn ki gen anpil vilnerabilite. Sa ki pèmèt ou kapab kòmanse itilize l kòm yon eleman kategorizasyon sosyal. Plis moun nan pòv, plis moun lan nan mas lan plis moun lan gen chans poul jwe bòlèt. Men se pa sèl rezon mizè ki fè ou ka konsidere bòlèt lan kòm fenomèn sosyal. Aspè kwayans lan tou son lòt aspè pouw konsidere nan kategorizasyon sosyal lan. Wap jwenn plis moun ki payen sa vle di ki pa kretyen jwe bòlèt. Kretyen yo wè bòlèt tankou yon zam satan mete pou detounen kwayans yo nan Bondye.

Tiraj bòlèt epi posibilite pouw genyen

Nan kòmansman jwèt bolèt isit te konn genyen on sèl tiraj epi yo te konn tire boul yo isit. Men pou rezon konfyans pou moun pa detounen boul tiraj yo isit ; yo vin aplike tiraj bolèt isit ak tiraj bòlèt nouyòk. N ap raple si nan tan lontan son sèl tiraj ki te konn gen men depi plis pase 20 lane se 2 tiraj ki vin gen : yon tiraj bòlèt Nouyòk midi ak yon tiraj bòlèt Nouyòk pou aswè. Tiraj Nouyòk midi an vle di ke moun lan ka kòmanse fè fich nan bank yo depi 7 zè nan maten rive jiska 11zè 59 nan maten. Tiraj midi an vle di moun la ap komansè fè fich depi 12zè 1 rive jiska 6zè 59 nan aswè. Men si toutfwa tiraj yo ta trike kisa ka pase ? Kisa leta ka di ap moun ki ta va genyen men yo pa peyel ?

Leta ayisyen fas ak jwèt bòlèt

Nan tout peyi leta la pou retabli lòd ak jistis nan ka abi. Kòm jwèt lotri son bagay ki te ka kreye anpil konfli, sitou nan ka yon machann bòlèt pa ta vle peye yon moun ki genyen. Fòk gon enstitisyon ki la pou jere konfli sa yo. Se sak fè leta te mete an plas Lotri Leta Ayisyen ki son enstans ki la pou regile tout jwèt lotri ki gen an Ayiti. Li la tou poul fè pwomosyon pou yon lotri kap itilize zouti teknik modèn tankou fè machann bòlèt yo enfòmatize sistèm yo pou plis transparans nan sistèm vann bòlèt lan. Se sak fè anpil moun jwe bòlèt an liy ak yon telefòn entèlijan.

Ofinal, nou ap di bòlèt lan vin antre nan sosyete nou kòm yon patwimwann sosyal ke nou paka neglije.

Contactanos!