Jwèt lotri an Ayiti: espwa pou anpil Ayisyen
Ayiti fè pati peyi ki pi pòv nan mond lan. Plis pase majorite moun nan peyi ap viv nan mizè. Anpil pap travay, sa k ap travay yo pa byen touche. Mizè fin anvayi peyi a nèt. Moun yo ka kite mizè fin touye yo. Fòk yo viv! Fòk yo fè lajan! Enben anpil moun lage yo nan jwe aza. Jwèt aza pèmèt ou apati de on ti kal kòk fon bon kantite lajan pou vive pi pou fanmiw viv.
An ayiti chaje jwèt aza. Men pami tout sa ki genyen yo se jwèt lotri yo ki pi popilè. Pa gon ayisyen ou di si li konn jwèt yo rele bòlèt la poul pa di w wi menmsi li pa janm jwel. Jwèt lotri yo gaye nan peyi a. Peyi sanse gen plis bank bòlèt pase bank tradisyonèl (enstitisyon finansyè). Se sak fè lotri vin gen yon plas enpòtan nan sosyete nou an
Yon lotri se yon jwèt aza kote wap genyen pouw chwazi yon chif nan yon tiraj ki ka gon nonb enfini chif. Tiraj yo gen on fason yo fason yo òdone. Genyen premye lo, dezyèm lo jiska twazyèm lo. pou chak lo sa yo gen yon kantite kòb ou ka fè. Nan jwèt lotri nou ka site: bòlèt, maryaj, loto twa chif, loto kat chif, loto chif, pikliz, dekabès etc…
Jan nou te dil nan kòmansman anpil moun jwe pou move lavi, men gen moun ki jwe lotri se jis pou plezi. Chak moun gen tou gen yon fason yo jwe lotri isit. Se pa paske son jwèt aza ki fè moun yo oblije chwazi chif yo konsa konsa. Chak amatè jwèt lotri yo gen yon teknik yo itilize pou yo jwe. Gen moun ki jwel an fonksyon rèv li fè, gen moun ki jwel an fonksyon boul yo bay avan. Gen moun ki eseye fè kalkil sou chif ki pase yo. Men pi gwo teknik lan se entèprete yon evènman ak sa ki nan tchala: sistèm ki explike evènman epi ki bay on boul.
Jwe lotri an ale pi lwen toujou pase on prensip teknik. Jwe lotri an kapab yon bon envestiman tou depandaman chans ou konnen boul ou jwe an kapab sòti. Pa egzanp si ou konnen on boul paka pa sòti nan bolèt Nouyòk swa, ou pap pè depanse tout ti lajanw genyen an ladanl paske ou konnen wap rantrel. Se poutèt sa anpil moun lè yo pral jwe, yo ale yon kote yon moun ki ka plizoumwen si. Nan sans sa, moun yo al konsilte ougan oubyen masonlòj nan lespwa pou bay yon boul kap sòti. Moun yo itilize fetich lan pou jwe jwèt lan anpil.
Si anpil moun itilize fetich pou jwe jwèt lotri yo an ayiti. Sa se yon faktè kif è anpil moun pa jwe yo an Ayiti sitou pou moun ki kretyen yo. Moun ki kretyen kwè moun ki jwe lotri an ayiti se patizan Satan. Si yo jwe lotri sa ap detounen fwa yo epi li pap fè bèl nan je Bondye. Konsa toug en moun kip a jwel paske yo pa vle vin adikte. Si kote lap vi v lan li wè moun yo toujou ap jwe yo pa janm kite jwe pandan moun sa yo toujou ap pèdi. Sa ap fèl pa janm jwe. Gen moun tou ki pa kwè nan chans ki jis pa deside jwe menm.
Men an gwo, lotri an ayiti se yon bon altènativ an ayiti sitou pou sila ki pa gen mwayen sila kip a gen gwo lespwa nan vi an.