Lotri an Ayiti son sektè ki chaje distribitè
Si de jou an jou moun ap jwe lotri, de jou an jou moun k ap distribiye lotri ap ogmante tou. Si gen gwo distribitè lotri ki trè popilè paske yo la lontan tankou : Père Eternel Lotto ak Lesly Center Borlette. Gen lòt nouvo distribitè lotri ki kòmanse kreye yon non tou nan domèn distribisyon lotri an tankou Lisa Lotto. Nou pral prezantew lis distribitè bòlèt isit, avantaj ak sèvis ke yo chak bay
Lesly Center
Lesly Center se yon antrepriz ki fonde depi ane 1964. Li fè pati pi gwo machann bòlèt an ayiti. Wap jwenn bank Lesly Center yo toupatou nan peyi a. Lis jwèt lotri wap jwenn lakay Lesly Center se: Bòlèt, Maryaj, Loto 3, Loto 4 epi Loto 5 chif. Lesly Center baw avantaj pouf è fich ak 5 goud.
Père Eternel Loto
Père Eternel loto se yon antrepriz lotri ki popilè anpil isit. Mèt li se Eric Jean Baptiste. Syèj sosyal antrepriz lan chita Kafou. Wap jwenn menm lis jwèt lotri nan Père Eternel Loto ak Lesly Center. Ou ka fè fich nan Père Eternel Loto apati 5 goud tou.
Lisa Lotto
Lisa Lotto se distribitè lotri ki ofri moun posibilite pouw jwe lotri apati telefòn mobil ou. Pouw jwe wap senpman bezwen genyen kòb sou telefòn ou. Li ofri tout sèvis lotri tradisyonèl yo men li gen 2 lòt jwèt anplis : Boloto ak Lotto 5p5. Anplis de sa, si ou ta genyen li baw posibilite pouw te ka touche nan men on pakèt bann ajan SogeXpress ak Mon Cash yo. Li bay biyè gratis pouw jwe tou lèw genyen bonis.
Chez Toto Borlette
Se youn nan distribitè bòlèt ki la lontan tou. Se yon nonm ki pa menm konn li ak ekri ki fonde antrepriz sa. Nonm sa rele Jean Mensatto. Li fonksyone menm jan ak modèl bòlèt tradisyonèl yo tankou : Lesly Center ak Père Eternel. Li Baw posibilite pouw fè fich apati de 5 goud.
Titi Lotto
Titi lotto se yon distribitè bòlèt ki fonksyone menm jan ak modèl tradisyonèl. Ou ka jwe bòlèt, fè maryaj, jwe loto 3, loto 4 epi loto 5 chif. Ou ka fè fich apati de 5 goud tou. Titi Lotto gen syèj sosyal li nan kafou menm jan ak Père Eternel Loto.
Jackpot Borlette
Se yon distribitè bòlèt an Ayiti. Li gen syèj sosyal li Delmas. Se yon antrepriz ki kreye pa trò lontan pase sa. Gen anpil amatè nan zòn Delmas ki renmen jwe ladanl. Se yon distribitè ki fonksyone menm jan ak distribitè tradisyonèl yo. Wap jwenn menm jwèt epi ou ka fè fich apati 5 goud.
Lotterie de l’état haitien
Se dènye distribitè nap prezante. Lotterie de l’état Haitien se on antrepriz piblik ki sèvi kòm regilatè nan kad jwèt lotri yo. Li gen pou misyon fè pwomosyon lotri nan peyi an, fè distribitè yo itilize zouti modèn nan zafè vann bòlèt epi sèvi abit nan ka konfli ant yon amatè epi yon distribitè lotri.
Gen lòt distribitè nou pa site la men yo gen plas yo sou mache an tou. Lèw pran egzanp tankou Four Access, Tchalam, Ann Parye ak Krezi Paryaj. Yo gen anpil kliyan tou men se pa nan nivo distribitè nou sot site anlè yo.